Add parallel Print Page Options

28 Mwen vle di, nou vin moun Bondye aksepte pa mwayen lafwa nou, men se pa poutèt sa nou fè nan swiv lalwa. Se sa nou kwè. 29 Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou. 30 Poutèt nou dakò se yon sèl Bondye ki genyen. Epi li p ap aksepte Jwif[a] ki gen lafwa kòm moun ki jis devan l sèlman, men l ap aksepte moun ki pa Jwif[b] yo ki gen lafwa, kòm moun ki jis devan l tou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:30 Jwif Literalman, “sikonsizyon”.
  2. 3:30 ki pa Jwif Literalman, “ki pa gen sikonsizyon”.