Add parallel Print Page Options

17 Nan tan pase, nou te esklav peche, peche te pran kontwòl lavi nou. Men, grenmesi Bondye, nou te obeyi tout ansèyman nou te resevwa yo. 18 Nou te libere soti anba peche. Kounye a, nou se esklav bagay ki byen. 19 M pran egzanp sa a nan lavi chak jou, paske nou bezwen èd pou n konprann bagay espirityèl yo. Nan tan pase, nou te lage kèk pati nan kò nou pou yo te tounen esklav imoralite ak move panse ki pouse moun tonbe nan peche. Sa te lakòz nou t ap viv nan dezobeyisans kont Bondye. Menm jan an tou, nou dwe livre tèt nou kòm esklav pou fè sa ki byen. Rezilta sa va bay se yon lavi ki sen.

Read full chapter