Add parallel Print Page Options

18 Nou te libere soti anba peche. Kounye a, nou se esklav bagay ki byen. 19 M pran egzanp sa a nan lavi chak jou, paske nou bezwen èd pou n konprann bagay espirityèl yo. Nan tan pase, nou te lage kèk pati nan kò nou pou yo te tounen esklav imoralite ak move panse ki pouse moun tonbe nan peche. Sa te lakòz nou t ap viv nan dezobeyisans kont Bondye. Menm jan an tou, nou dwe livre tèt nou kòm esklav pou fè sa ki byen. Rezilta sa va bay se yon lavi ki sen.

20 Nan tan pase, nou te esklav peche, nou pa t menm panse fè sa ki byen.

Read full chapter