Add parallel Print Page Options

Bondye ak pèp Jwif la

Mwen se moun Jezikri, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a: Mwen gen gwo lapenn nan kè m epi m toujou santi anpil tristès pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan.

Read full chapter