Add parallel Print Page Options

10 Men se pa sa sèlman. Genyen Rebeka tou. Li te ansent epi li fè de jimo, de pitit pou yon sèl papa, Izarak, zansèt nou. 11-12 Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.”[a] Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm.

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:11-12 Sitasyon sa a soti nan Jen 25:23.