Add parallel Print Page Options

pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan. Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo. Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi[a] a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:5 Mesi Literalman, “Kris”, yon tradiksyon Grèk pou mo Ebre “Mesi”. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.