Tit 2
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Swiv yon ansèyman ki bon
2 Men pou ou menm, Tit, ou dwe bay yon ansèyman ki ede moun vin gen yon bon sante espirityèl. 2 Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye.
3 Anseye madanm ki granmoun yo tou, yo dwe viv jan moun k ap sèvi Bondye dwe viv. Yo pa dwe ap mache di move bagay sou lòt moun. Yo pa dwe esklav alkòl. Yo dwe anseye byen. 4 Konsa, y ap montre jèn madanm marye yo kijan pou yo renmen mari yo ansanm ak pitit yo. 5 Yo dwe byen panse sou jan y ap viv. Yo dwe kenbe tèt yo pwòp. Yo dwe dirije kay yo byen. Epi yo dwe prèt pou rann mari yo sèvis. Lè sa a, pèsòn p ap jwenn mwayen pou kritike ansèyman Bondye ban nou fè a.
6 Menm jan an tou, di jenn gason yo, yo dwe byen panse sou jan y ap mennen lavi yo. 7 Ou menm, ou dwe yon egzanp pou yo nan tout bagay, nan bon jan aksyon ou ap fè. Se pou ansèyman w pwòp epi se pou sa fè moun respekte w. 8 Sa vle di, se pou w anseye yon fason ki dwat epi byen klè, pou moun pa jwenn chans kritike ansèyman w. Konsa, tout moun ki kont nou yo va wont, paske yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.
9 Anseye moun ki esklav kijan pou yo viv. Se pou yo toujou prèt pou rann mèt yo sèvis tout tan. Se pou yo chache fè mèt yo plezi, san yo p ap chache fè diskisyon ak yo. 10 Esklav yo pa dwe nan vòlè bagay mèt yo, men se pou yo montre yo diy de konfyans. Konsa, nan tout sa y ap fè, y ap fè moun respekte ansèyman ki konsène Bondye, Sovè nou an.
11 Se konsa nou ta dwe viv, paske Bondye fè gras li parèt klè, gras sa a se sous delivrans pou tout moun. 12 Gras Bondye aprann nou pou nou pa viv nan opozisyon kont Bondye epi pou nou refize viv dapre dezi nou genyen pou n ta swiv move bagay ki nan mond lan. Se pou nou panse byen sou jan n ap viv nan mond lan jodi a, pou nou fè sa ki dwat epi pou nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye. 13 Se konsa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt. 14 Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.
15 Se konsa pou w pale, ankouraje epi reprann moun yo ak tout otorite w. Pa kite pèsòn meprize w!
Filemon
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou.
2 Nou voye salitasyon tou pou sè Afya ak Achip k ap mennen menm konba avèk nou nan ministè n ap fè pou Kris la. Nou voye salitasyon pou legliz ki lakay ou a tou. Nou tout konnen m nan prizon paske m ap sèvi Jezikris.[a]
3 Se pou Bondye Papa a ak Jezikri Senyè nou an beni nou epi ban nou kè poze.
Lafwa ak lanmou Filemon genyen
4 Mwen toujou di Bondye mèsi pou ou, lè m ap priye, 5 paske m tande kijan w montre lafwa ou genyen nan Jezi Senyè a, ak lanmou ou montre pou tout pèp Bondye a. 6 M ap priye pou menm lafwa nou gen nan Bondye a bay bon rezilta, epi pou l fè nou konnen tout bon bagay nou ka fè nan jan n ap sèvi Kris la. 7 Frè mwen, lanmou ou te montre pou pèp Bondye a te ankouraje kè yo. Sa te ban m anpil kè kontan ak ankourajman tou.
Aksepte Onezim tankou yon frè
8 Antan gran frè w nan Kris la, m te ka pase w lòd pou w fè sa k dwat, 9 men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la. 10 Demann m ap fè w la, se pou Onezim ki vin tankou yon pitit pou mwen pandan m nan prizon an. 11 Yon lè li pa t itil ou, men kounye a li itil[b] nou toulède.
12 M ap voye l tounen ba ou. Men m pa kache di w, se zantray mwen m ap voye ba ou. 13 M ta byen renmen kenbe l toujou pou l ta sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou koz Levanjil la. 14 Men, m pa t vle fè anyen san ou pa t dakò, paske m pa vle ou fè okenn bon bagay nan fòse. M pito w aji ak pwòp volonte w.
15 Sa k pou di w si se pa pou w te ka gen Onezim pou tout tan ki fè l te separe avè w pou yon ti tan? 16 Kounye a, pa resevwa l tankou yon senp esklav, men plis pase yon esklav, resevwa l tankou yon frè byenneme. Li vin chè pou mwen tankou yon frè. M konnen li vin gen plis valè pou ou toujou, paske li se manm fanmi w epi kounyea li vin yon manm nan fanmi Senyè a.
17 Alò, si ou konsidere m kòm zanmi w, resevwa Onezim menm jan w ta resevwa m. 18 Epi si l te fè w yon bagay ki mal osinon si l ta gen yon dèt anvè w, mete l sou kont mwen. 19 Mwen menm Pòl k ap ekri w ak pwòp men pa m, m ap ranbouse w. M pa kwè m ta bezwen di ou menm tou, ou gen dèt anvè m, ou dwe m lavi w. 20 Tanpri frè m, fè sa pou mwen,[c] paske w konnen se sa Senyè a vle. Poutèt se nan fanmi Kris la nou ye, sa ta ankouraje kè m anpil si w ta fè sa pou Onezim. 21 Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa.
22 M ap tou pwofite di w pare yon chanm pou mwen, paske, mwen sèten Bondye ap reponn priyè nou yo, y ap lage m pou m vin jwenn nou.
Salitasyon
23 Epafras ki nan prizon ansanm avè m, paske l ap sèvi Jezikri, voye salye w. 24 Mak, Aristak, Demas, Lik, k ap travay ansanm avè m nan lèv la, yo tout voye bonjou pou ou tou.
25 Se pou Jezikri, Senyè a, vide benediksyon l sou nou tout.
Footnotes
- 1:2 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
- 1:11 pa t itil … itil Pòl ap jwe ak mo yo nan pasaj sa a paske non Onezim vle di “itil”.
- 1:20 Tanpri frè m, fè sa pou mwen Pòl ap fè yon lòt jwèt ak mo yo pandan l ap fè referans ak non Onezim. Li sèvi ak yon vèb ki soti nan menm non Onezim nan.
Copyright © 2017 by Bible League International