Font Size
1 Jan 1:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Jan 1:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Nou vle pale w de Pawòl[a] ki bay lavi a, sila a ki te la okòmansman an. Se li menm nou te tande epi nou te wè ak pwòp je nou. Nou te wè kijan l te aji, epi men nou te touche l. 2 Wi, sila ki se lavi a, li te parèt aklè devan nou. Nou te wè l, epi kon sa nou ka pale lòt yo de li. Kounye a, n ap anonse w li. Li se lavi etènèl ki te nan Bondye Papa a epi ki te parèt aklè devan nou. 3 Wi, se sa nou te wè ak sa nou te tande, n ap di w la a, paske nou vle w genyen kominyon[b] ak nou. Kominyon nou genyen an, se avèk Bondye Papa a ansanm ak Pitit li, Jezikris.
Read full chapterFootnotes
- 1:1 Pawòl Mo grèk la se “logos”, ki vle di nenpòt ki kalite kominikasyon. Nan tèks la li vle di Kris, fason Bondye te pale de pwòp tèt li.
- 1:3 kominyon Asosyasyon ak moun epi pataje kichòy youn ak lòt. Moun ki kwè nan Kris yo pataje lanmou, lajwa, lapenn, lafwa, epi lòt bagay youn ak lòt epi ak Bondye tou. Wè vèsè 7 tou.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International