Add parallel Print Page Options

Wi, sila ki se lavi a, li te parèt aklè devan nou. Nou te wè l, epi kon sa nou ka pale lòt yo de li. Kounye a, n ap anonse w li. Li se lavi etènèl ki te nan Bondye Papa a epi ki te parèt aklè devan nou. Wi, se sa nou te wè ak sa nou te tande, n ap di w la a, paske nou vle w genyen kominyon[a] ak nou. Kominyon nou genyen an, se avèk Bondye Papa a ansanm ak Pitit li, Jezikris. N ap ekri w bagay sa yo pou w kapab gen kè kontan nèt ale ak nou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:3 kominyon Asosyasyon ak moun epi pataje kichòy youn ak lòt. Moun ki kwè nan Kris yo pataje lanmou, lajwa, lapenn, lafwa, epi lòt bagay youn ak lòt epi ak Bondye tou. Wè vèsè 7 tou.