Add parallel Print Page Options

Bondye padone peche nou

Men sa mesaj Jezikris voye a te di: Bondye se limyè. Nan Li, pa gen pyès fènwa. Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik. Si n ap mache nan limyè,[a] paske Bondye nan limyè, n ap gen bon jan relasyon youn ak lòt epi san sakrifis Jezikris, pitit Bondye a, ap netwaye tout peche nou yo epi l ap fè nou pwòp.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:7 mache nan limyè Ekspresyon sa a vle di viv nan obeyisans pawòl Bondye.