1 Jan 1
Haitian Creole Version
1 ¶ M'ap ekri nou sou pawòl ki bay lavi a, pawòl ki te la depi nan konmansman tout bagay. Nou te tande l', nou te wè l' ak pwòp je nou, nou te gade l' byen gade, nou te manyen l' ak men nou.
2 Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.
3 Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m'ap fè nou konnen l' tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.
4 M'ap ekri nou sa pou kè nou ka kontan nèt ale.
5 ¶ Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye.
6 Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè.
7 Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.
8 ¶ Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou.
9 Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.
10 Men, si nou di nou pa t' fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.
1 Jan 1
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Nou vle pale w de Pawòl[a] ki bay lavi a, sila a ki te la okòmansman an. Se li menm nou te tande epi nou te wè ak pwòp je nou. Nou te wè kijan l te aji, epi men nou te touche l. 2 Wi, sila ki se lavi a, li te parèt aklè devan nou. Nou te wè l, epi kon sa nou ka pale lòt yo de li. Kounye a, n ap anonse w li. Li se lavi etènèl ki te nan Bondye Papa a epi ki te parèt aklè devan nou. 3 Wi, se sa nou te wè ak sa nou te tande, n ap di w la a, paske nou vle w genyen kominyon[b] ak nou. Kominyon nou genyen an, se avèk Bondye Papa a ansanm ak Pitit li, Jezikris. 4 N ap ekri w bagay sa yo pou w kapab gen kè kontan nèt ale ak nou.
Bondye padone peche nou
5 Men sa mesaj Jezikris voye a te di: Bondye se limyè. Nan Li, pa gen pyès fènwa. 6 Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik. 7 Si n ap mache nan limyè,[c] paske Bondye nan limyè, n ap gen bon jan relasyon youn ak lòt epi san sakrifis Jezikris, pitit Bondye a, ap netwaye tout peche nou yo epi l ap fè nou pwòp.
8 Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a. 9 Si nou konfese peche nou yo bay Bondye, li fidèl epi li dwat, l ap padone nou epi l ap netwaye nou de tout sa nou te fè ki pa bon. 10 Si nou di nou pa janm fè peche, nou fè l tounen yon moun k ap bay manti epi tou nou rejte ansèyman li a.
Footnotes
- 1:1 Pawòl Mo grèk la se “logos”, ki vle di nenpòt ki kalite kominikasyon. Nan tèks la li vle di Kris, fason Bondye te pale de pwòp tèt li.
- 1:3 kominyon Asosyasyon ak moun epi pataje kichòy youn ak lòt. Moun ki kwè nan Kris yo pataje lanmou, lajwa, lapenn, lafwa, epi lòt bagay youn ak lòt epi ak Bondye tou. Wè vèsè 7 tou.
- 1:7 mache nan limyè Ekspresyon sa a vle di viv nan obeyisans pawòl Bondye.
1 John 1
Amplified Bible
Introduction, The Incarnate Word
1 [I am writing about] what existed from the beginning, what [a]we have heard, what we have seen with our eyes, what we have looked at and touched with our hands, concerning the Word of Life [the One who existed even before the beginning of the world, Christ]— 2 and the Life [an aspect of His being] was manifested, and we have seen [it as eyewitnesses] and testify and declare to you [the Life], the eternal Life who was [already existing] with the Father and was [actually] made visible to us [His followers]— 3 what we have seen and heard we also proclaim to you, so that you too may have fellowship [as partners] with us. And indeed our fellowship [which is a distinguishing mark of born-again believers] is with the Father, and with His Son Jesus Christ. 4 We are writing these things to you so that our joy [in seeing you included] may be made complete [by having you share in the joy of salvation].
God Is Light
5 This is the message [of God’s promised revelation] which we have heard from Him and now announce to you, that God is Light [He is holy, His message is truthful, He is perfect in righteousness], and in Him there is no darkness at all [no sin, no wickedness, no imperfection]. 6 If we say that we have fellowship with Him and yet walk in the darkness [of sin], we lie and do not practice the truth; 7 but if we [really] walk in the Light [that is, live each and every day in conformity with the precepts of God], as He Himself is in the Light, we have [true, unbroken] fellowship with one another [He with us, and we with Him], and the blood of Jesus His Son cleanses us from all sin [by erasing the stain of sin, keeping us cleansed from sin in all its forms and manifestations]. 8 If we say we have no sin [refusing to admit that we are sinners], we delude ourselves and the truth is not in us. [His word does not live in our hearts.] 9 If we [freely] admit that we have sinned and confess our sins, He is faithful and just [true to His own nature and promises], and will forgive our sins and cleanse us continually from all unrighteousness [our wrongdoing, everything not in conformity with His will and purpose]. 10 If we say that we have not sinned [refusing to admit acts of sin], we make Him [out to be] a liar [by contradicting Him] and His word is not in us.
Footnotes
- 1 John 1:1 John the Apostle wrote the Gospel of John, this letter along with two others, and the book of Revelation. He and his brother James (also an apostle) were the sons of Zebedee and Salome.
Copyright © 2017 by Bible League International
Copyright © 2015 by The Lockman Foundation, La Habra, CA 90631. All rights reserved.
