Font Size
1 Jan 3:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Jan 3:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Pitit mwen yo, pa kite pyès moun twonpe nou, sila a k ap fè sa ki dwat, li menm tou, li dwat menm jan Pitit la dwat. 8 Sila a k ap fè peche soti nan Satan, paske depi soti nan kòmansman, Satan ap fè peche. Men rezon ki fè Pitit Bondye a te vini: Pou detwi zèv Satan yo.
9 Nenpòt moun ki soti nan Bondye p ap kontinye fè peche, paske nouvo lavi Bondye ba li a[a] rete nan li, li pa kapab ap fè peche, paske se nan Bondye li soti.
Read full chapterFootnotes
- 3:9 nouvo lavi Bondye ba li a Vle di Literalman, “semans li a”.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International