Font Size
1 Jan 4:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Jan 4:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
16 Nou menm, nou konnen lanmou Bondye gen pou nou, epi nou kwè nan lanmou sa a. Bondye se lanmou. Si yon moun ap viv nan lanmou, l ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan li.
17 Konsa, si lanmou Bondye a total nan nou, nou p ap tonbe nan laperèz lè jou a rive pou Bondye jije mond lan. 18 Pa genyen laperèz nan lanmou; lanmou toutbon vre a mete laperèz deyò, paske lè nou pè, se chatiman Bondye nou pè. Moun ki gen laperèz la pa genyen lanmou Bondye a toutbon vre.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International