Add parallel Print Page Options

18 Pa genyen laperèz nan lanmou; lanmou toutbon vre a mete laperèz deyò, paske lè nou pè, se chatiman Bondye nou pè. Moun ki gen laperèz la pa genyen lanmou Bondye a toutbon vre.

19 Pou nou menm, nou renmen, paske Bondye te renmen nou an premye. 20 Si yon moun di: Mwen renmen Bondye epi li rayi frè li, se yon moun k ap bay manti, paske moun ki pa renmen frè l li wè, li pa kapab renmen Bondye li pa wè.

Read full chapter