Add parallel Print Page Options

Nou menm nou soti nan Bondye. Moun ki moun pa Bondye yo ap koute nou, men moun ki pa moun Bondye yo p ap koute nou. Epi se konsa nou ka distenge Lespri ki anseye verite a ak lespri ki anseye k ap bay manti a.

Lanmou soti nan Bondye

Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye. Moun ki pa genyen lanmou nan kè l pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

Read full chapter