Add parallel Print Page Options

16 Si yon moun wè frè li oubyen sè li ap komèt yon peche, (yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl), li ta dwe priye pou Bondye bay moun sa a lavi, moun sa a k ap komèt yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl. Men genyen yon peche ki mennen nan lanmò etènèl, se pa pou li m ap mande nou priye. 17 Tout enjistis se peche, men genyen yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl.

18 Nou konnen nenpòt moun ki pitit Bondye pa chita ap fè peche. Paske Pitit Bondye a ap veye sou li.[a] Satan pa gen dwa touche l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:18 Pitit Bondye a ap veye sou li Literalman, “Moun Bondye te bay nesans lan ap pwoteje l” oubyen “… ap pwoteje pwòp tèt li”.