Font Size
1 Korentyen 1:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 1:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Mwen menm Pòl, apot Jezikris,[a] paske Bondye limenm deside chwazi m, ansanm ak frè nou Sostèn, 2 n ap salye legliz Bondye a nan vil Korent lan. Nou se moun Bondye konsakre nan sèvis Jezikris. Nou se moun Bondye rele pou nou viv yon lavi ki sen menm jan ak tout lòt moun toupatou ki mete konfyans yo nan Senyè a,[b] Senyè yo tankou Senyè pa nou tou.
3 Se pou Bondye Papa nou ak Senyè Jezikris ba nou benediksyon ak lapè l!
Read full chapterFootnotes
- 1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
- 1:2 ki mete konfyans yo nan Senyè a Literalman, “moun k ap rele non Senyè nou an”, sa vle di moun ki bay prèv lafwa yo nan Jezi atravè adorasyon yo ofri ba li oswa lè yo priye l pou sekouri yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International