Add parallel Print Page Options

11 Mwen di sa paske kèk moun ki soti lakay fanmi Kloye fè m konnen gen divizyon nan mitan nou. 12 Mwen tande gen moun k ap di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se ak Apolòs m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se Pyè[a] m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen se Kris m ap swiv!” 13 Kris la pa ka divize nan ti gwoup isit ti gwoup laba. Èske Pòl te mouri sou lakwa pou ou? Èske se nan non Pòl ou te batize?

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:12 Pyè Literalman, “Sefas”, ki se non Arameyen pou Pyè, youn nan douz disip Jezi yo. Toude non yo vle di “wòch”. Gade tou nan 3:22; 9:6; 15:5.