Add parallel Print Page Options

17 Kris la pa t voye m vin batize moun, ni pale bèl pawòl lèzòm, men li te voye m preche Bòn Nouvèl: Konsa, lakwa[a] Kris la p ap pèdi puisans li!

Puisans ak sajès Bondye nan Jezikris

18 Mesaj lakwa a sanble ak pawòl moun fou pou sila yo k ap viv san Bondye. Poutan, mesaj la se puisans Bondye sèvi pou sove nou. 19 Paske, men sa ki ekri nan Bib la,

“M ap detwi sajès moun saj yo
    epi m ap jete konfizyon
    nan entèlijans moun entèlijan yo.”[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:17 lakwa Paul sèvi mo kwa (lakwa) tankou yon imaj Bòn Nouvèl la: istwa lanmò Kris la pou peye dèt peche lèzòm. Lakwa (sa vle di lanmò Kris la) se fason Bondye chwazi pou sove moun.
  2. 1:19 Sitasyon sa a soti nan Eza 29:14.