Add parallel Print Page Options

Puisans ak sajès Bondye nan Jezikris

18 Mesaj lakwa a sanble ak pawòl moun fou pou sila yo k ap viv san Bondye. Poutan, mesaj la se puisans Bondye sèvi pou sove nou. 19 Paske, men sa ki ekri nan Bib la,

“M ap detwi sajès moun saj yo
    epi m ap jete konfizyon
    nan entèlijans moun entèlijan yo.”[a]

20 Kote filozòf yo? Kote ekspè lalwa yo? Kote moun ki renmen bay bèl agiman yo? Èske Bondye pa montre aklè sajès mond sa a se foli?

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:19 Sitasyon sa a soti nan Eza 29:14.