Font Size
1 Korentyen 11:22-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 11:22-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
22 Si se konsa, pouki nou pa ret manje oswa bwè lakay nou? Se respè nou pa gen konsa pou legliz Bondye a? Nou ap imilye moun ki manke mwayen yo. Ki sa nou ta vle m di nou? Nou ta vle pou m felisite nou? Non! Mwen pa ka felisite nou sou pwen sa a.
23 Sonje! Ansèyman mwen te transmèt ba nou se egzateman sa mwen te resevwa nan men Senyè a: Nan nuit yo t a pral livre l la, Jezi te pran pen. 24 Li di Bondye mèsi, epi li kase pen an. Li di: “Sa a se kò mwen. Se pou nou li ye. Manje l pou nou ka sonje mwen.”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International