Add parallel Print Page Options

24 Li di Bondye mèsi, epi li kase pen an. Li di: “Sa a se kò mwen. Se pou nou li ye. Manje l pou nou ka sonje mwen.” 25 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. Fè sa pou n kapab sonje m, chak fwa nou bwè li.” 26 Sa vle di: chak fwa nou manje pen sa a epi nou bwè nan koup diven sa a, se istwa lanmò Senyè a n ap fè lòt moun konnen jouktan li retounen.

Read full chapter