Add parallel Print Page Options

27 Ansanm, nou fòme kò Kris la. Chak moun pami nou se yon pati nan kò Kris la. 28 Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang. 29 Èske tout moun se apot? Èske tout moun se pwofèt? Èske tout moun ka anseye? Èske tout moun gen don mirak?

Read full chapter