1 Korentyen 13:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Amou dwe sèvi nou gid
13 Menmsi mwen ta pale anpil nan lang moun pale sou latè, menm si mwen ta menm rive pale lang anj yo, si mwen pa aji avèk amou nan kè m pou lòt moun, mwen tankou yon gwo klòch k ap sonnen twòp, oswa yon senbal k ap fè gwo bri. 2 Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen. 3 Menm si mwen ta fè moun ki nan bezwen kado tout byen m posede, menm si mwen ta ofri pwòp kò m pou yo fè m soufri,[a] epi m ta santi m fyè, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa fè anyen menm.
Read full chapterFootnotes
- 13:3 pou yo fè m soufri Literalman, “pou m ka fè lwanj oubyen pou fè moun wè”, dapre kopi Grèk ki pi ansyen epi pi bon yo. Pou sa mo sa vle di, gade nan 2 Kor 12:9-0. Kèk kopi ansyen genyen “pou yo boule” nan fraz sa a.
Copyright © 2017 by Bible League International