Add parallel Print Page Options

Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen. Menm si mwen ta fè moun ki nan bezwen kado tout byen m posede, menm si mwen ta ofri pwòp kò m pou yo fè m soufri,[a] epi m ta santi m fyè, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa fè anyen menm.

Lanmou gen pasyans, lanmou aji ak mezerikòd. Lanmou pa jalou, lanmou pa vante tèt li, ni li pa gonfle ak ògèy.

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:3 pou yo fè m soufri Literalman, “pou m ka fè lwanj oubyen pou fè moun wè”, dapre kopi Grèk ki pi ansyen epi pi bon yo. Pou sa mo sa vle di, gade nan 2 Kor 12:9-0. Kèk kopi ansyen genyen “pou yo boule” nan fraz sa a.