Add parallel Print Page Options

19 Men lè m nan reyinyon legliz, mwen pito di senk mo mwen konprann olye m di dimil mo nan yon lòt lang moun pa konprann. Mwen fè l konsa pou lòt moun ka benefisye sa m ap fè a.

20 Frè m ak sè m yo, pa reflechi tankou timoun. Si se mal ki parèt devan nou, se pou nou inosan tankou timoun, men nou dwe reflechi tankou granmoun. 21 Men sa ki ekri nan Bib la[a]:

“M ap sèvi ak moun ki pale yon lòt lang
    epi map sèvi ak bouch moun etranje
pou m pale ak moun sa yo,
    menm lè sa a, yo p ap koute m.”[b]

Se Senyè a menm ki di sa.

Read full chapter

Footnotes

  1. 14:21 Bib la Literalman, “lwa”, ki vle di kèk fwa Ansyen Testaman.
  2. 14:21 Sitasyon sa a soti nan Eza 28:11-12.