Add parallel Print Page Options

21 Men sa ki ekri nan Bib la[a]:

“M ap sèvi ak moun ki pale yon lòt lang
    epi map sèvi ak bouch moun etranje
pou m pale ak moun sa yo,
    menm lè sa a, yo p ap koute m.”[b]

Se Senyè a menm ki di sa.

22 Konsa, nou wè aklè pale an lang se yon siy pou moun ki pa kwè, men li pa siy pou moun ki kwè. Poutan pwofesi pote benefis pou moun ki kwè, li pa pou moun ki pa kwè. 23 Ann sipoze gen yon reyinyon legliz la epi tout moun pran pale an lang. Si yon moun ki pa nan gwoup oswa ki pa kwè vin antre, èske l p ap panse nou fou?

Read full chapter

Footnotes

  1. 14:21 Bib la Literalman, “lwa”, ki vle di kèk fwa Ansyen Testaman.
  2. 14:21 Sitasyon sa a soti nan Eza 28:11-12.