Font Size
1 Korentyen 14:22-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 14:22-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
22 Konsa, nou wè aklè pale an lang se yon siy pou moun ki pa kwè, men li pa siy pou moun ki kwè. Poutan pwofesi pote benefis pou moun ki kwè, li pa pou moun ki pa kwè. 23 Ann sipoze gen yon reyinyon legliz la epi tout moun pran pale an lang. Si yon moun ki pa nan gwoup oswa ki pa kwè vin antre, èske l p ap panse nou fou? 24 Men an n sipoze se pwofetize nou tout t ap pwofetize, epi gen moun ki pa gen konprann oswa ki pa kwè ki antre nan reyinyon an. Pawòl ki ap di yo ap fè peche l vin parèt jan l ye a devan l.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International