Font Size
1 Korentyen 14:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 14:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
25 Bagay ki kache nan fon kè yo ap vin parèt aklè. Lè sa y ap mete ajenou, y ap bese tèt yo epi y ap adore Bondye. Lè sa a yo va di: “Vrèman vre, prezans Bondye pami nou.”[a]
Reyinyon nou yo dwe gen lòd
26 Alò, kisa nou dwe fè, frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm? Yon moun ka gen yon chan, yon lòt ka gen yon ansèyman, yon lòt ka gen yon nouvo verite ki soti nan Bondye. Youn ka pale an lang, yon lòt ka entèprete. Men se pou tout bagay fèt nan bi pou nou bati youn lòt. 27 Si gen moun k ap pale yon lang diferan se pou sèlman de ou twa pale. Epi se pou yo pale youn apre lòt. Anplis fòk gen yon moun ki pou entèprete sa y ap di a.
Read full chapterFootnotes
- 14:25 Gade nan Eza 45:14 ak Zak 8:23.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International