Font Size
1 Korentyen 14:34-36
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 14:34-36
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
34 Medam yo dwe rete an silans nan reyinyon legliz yo. Yo pa gen otorizasyon pou yo pran lapawòl. Jan lalwa Moyiz la di l la, yo dwe rete soumi. 35 Si yo bezwen eksplikasyon sou yon bagay, se pou yo mande mari yo lè yo rive lakay. Se yon wont pou medam yo ap bay opinyon yo konsa lè legliz la reyini.
36 Se pa nou ki te premye resevwa pawòl Bondye a, ni nou pa sèl moun ki resevwa pawòl Bondye a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International