Add parallel Print Page Options

Mwen t ap kontan wè nou tout ap pale lang enkoni. Men mwen t ap pi kontan toujou pou m wè nou tout ap pwofetize. Moun k ap pwofetize a pi itil legliz la toujou pase moun k ap pale lang enkoni an, eksepte si yo ka entèprete sa y ap di a, lè sa a, pale lang enkoni an vin gen menm valè ak pwofesi a. Entèpretasyon an ap ede legliz la.

Frè m ak sè m, kisa sa t ap itil nou, si m ta vin lakay nou epi se anlang m ap pale? L ap itil nou yon bagay si m pote yon mesaj nouvo ki soti nan Bondye oswa yon nouvo konesans, yon pwofesi oswa yon nouvo ansèyman. An nou pran egzanp kèk enstriman mizik tankou flit oswa hap. Si son yo bay la pa klè, kijan n ap fè konnen ki melodi k ap jwe?

Read full chapter