Add parallel Print Page Options

39 Pa gen yon kalite kò ki sanble ak yon lòt. Moun gen kalite kò pa l. Bèt sovaj gen kalite kò pa yo. Zwazo gen kalite kò pa yo. Pwason gen kalite kò pa yo. 40 Se menm jan an tou gen kalite kò ki fèt pou syèl, gen kalite kò ki fèt pou latè. Kalite kò ki fèt pou syèl yo gen bote pa yo. Kalite kò ki fèt pou latè yo gen bote pa yo. 41 Solèy la gen kalite bote pa l. Lalin nan gen yon lòt kalite bote. Zetwal yo gen kalite bote pa yo. Menm pami zetwal yo bote youn diferan de bote yon lòt.

Read full chapter