Add parallel Print Page Options

45 Jan Bib la di l la: “Premye Adan an, se te yon senp moun[a] ki te resevwa lavi.”[b] Dènye Adan an, ranpli ak Sentespri ki bay lavi. 46 Se pa espirityèl la ki vin an premye, men se natirèl la. Espirityèl vini apre natirèl la. 47 Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan[c] an soti nan syèl.

Read full chapter

Footnotes

  1. 15:45 moun Literalman, “nanm”.
  2. 15:45 Sitasyon sa a soti nan Jen 2:7.
  3. 15:47 Adan Non Adan vle di “lòm” Nan kontèks sa a, “dezyèm Adan an” ap pale de Kris, “nonm ki soti nan syèl la”.