Add parallel Print Page Options

53 Bondye ap chanje kò nou pou l tounen yon kò ki p ap janm kapab pouri. Kò sa a ki mouri a, Bondye ap transfòme l fè l tounen yon jan pou l pa janm mouri. 54 Konsa, lè kò sa a ki kapab pouri a vin tounen yon kò ki p ap janm pouri, epi lè kò sa a ki mouri vin tounen yon kò ki p ap janm mouri, lè sa a, pawòl Bib la ap vin parèt aklè:

“Lanmò disparèt paske l pèdi batay la.(A)
55 Lanmò, kote viktwa w la?
    Lanmò, kote zam ou?”(B)

Read full chapter