Add parallel Print Page Options

Men mesaj mwen an: Jezi krisifye sou lakwa

Frè m ak sè m, lè m te pase vizite nou, pou m te ka fè nou konnen tout mesaj[a] sekrè Bondye te revele bay kèk moun, mwen pa t sèvi ni ak mo konplike, ni ak pawòl save. Mwen te pito deside lè m te lakay nou pou m te bliye tout lòt bagay eksepte Jezikris ak lanmò li sou lakwa. Lè m te vini lakay nou, mwen te fèb, mwen te menm ap tranble tèlman m te pè.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:1 mesaj Literalman, “temwanyaj”. Kèk nan kopi Grèk yo genyen “verite ki sekrè”.