Font Size
1 Korentyen 2:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 2:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
14 Yon moun ki reflechi sèlman ak yon logik natirèl pa kapab aksepte konprann verite Sentespri Bondye. Yo parèt tankou foli devan je li. Li pa konprann yo paske se sèlman Sentespri Bondye ki pèmèt moun byen evalye bagay sa yo. 15 Poutan moun ki Sentespri a yo kapab sonde tout bagay san tonbe anba jijman okenn moun. 16 Paske Bib la di:
Ki lès ki konnen sa ki nan tèt Senyè a?
Ki lès ki ka ba li konsèy?[a]
Men nou menm nou resevwa panse ki soti nan tèt kris la.
Read full chapterFootnotes
- 2:16 Sitasyon sa a soti nan Eza 40:13.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International