Add parallel Print Page Options

Sajès Bondye

Nou anseye sajès pami moun ki gen matirite. Men, sajès nou anseye a pa menm kalite ak sajès mond sa a. Non, li pa menm kalite ak sajès otorite mond sa a ki pral pèdi pouvwa yo. Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l konsa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li. Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a.

Read full chapter