Font Size
1 Korentyen 2:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 2:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l konsa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li. 8 Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a. 9 Men sa Bib la di:
“Se bagay je pa janm wè,
zòrèy pa janm tande,
bagay moun pa ko menm imajine
sa Bondye prepare pou moun ki renmen l yo.”[a]
Footnotes
- 2:9 Sitasyon sa a soti nan Eza 64:4.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International