Add parallel Print Page Options

Men sa Bib la di:

“Se bagay je pa janm wè,
    zòrèy pa janm tande,
bagay moun pa ko menm imajine
    sa Bondye prepare pou moun ki renmen l yo.”[a]

10 Bondye te fè nou konnen bagay sa yo pa mwayen Sentespri l. Sentespri a sonde tout bagay, menm sekrè ki kache pi fon nan Bondye.

11 Ki yès ki konnen tout panse k ap travèse yon moun si se pa pwòp lespri li? Menm jan an tou, pèsonn pa konn panse Bondye, eksepte Lespri Bondye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:9 Sitasyon sa a soti nan Eza 64:4.