Add parallel Print Page Options

Rezon an senp: nou toujou ap panse epi viv tankou moun ki pa gen Sentespri a. Gen jalouzi ak chire pit nan mitan nou. Èske l pa klè nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti? Lè yon moun di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Epi yon lòt di: “Mwen, se Apolòs m ap swiv!” Sa se prèv nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti.

Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè.

Read full chapter