Add parallel Print Page Options

Frè m ak sè m yo, mwen pran egzanp sou mwen ak Apolòs pou nou ka byen pran sans pwovèb la ki di: “Pa mete pase genyen[a] sou sa Bib la di.” Lè konsa nou p ap kite lògèy anvayi nou pou n ap pran pati pou yon nonm kont yon lòt. Ki sa k fè w panse w siperyè a lòt moun? Ki sa w genyen se pa ba ou yo te ba ou l? Nan ka sa a, poukisa w ap frape lestomak kòmsi se pa t ba ou yo te ba ou l?

Nou met nan tèt nou, nou pa manke anyen. Nou met nan tèt nou nou rich. Nou met nan tèt nou nou se wa. M vrèman swete nou te wa toutbon vre, konsa nou men apot nou ta wa tou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:6 mete pase genyen Literalman, “Pa depase sa ki ekri a”. Sa vle di swiv sa ki ekri a sèlman. Sa kapab yon referans ak Bib la oubyen ak yon pwovèb tout moun te konnen, yon lwa oubyen yon fason pwofesè yo te konn sèvi pou yo anseye timoun yo kijan pou yo ekri alfabè a.