Add parallel Print Page Options

Imoralite se lènmi legliz

M pa ka kwè sa m tande a! Mwen tande imoralite seksyèl tèlman anvayi legliz la menm payen wouj pako rive nan nivo sa a. Sa rive si lwen m menm tande gen yon jenn gason ki plase ak madanm papa l. Epi olye sa fè nou tris pou nou ta chase move grenn nan mitan nou, nou pito ap chante kantamwa. Pou mwen men, m pa ka la avèk nou an pèsòn. Men menm nan Sentespri a, mwen deja jije moun ki fè kalite aksyon sa a, kòmsi m te la an pèsòn.

Read full chapter