Font Size
1 Korentyen 8:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 8:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 Epi menmsi nan lemonn genyen swadizan anpil bagay yo rele “dye” ak “SENYÈ”, swa nan syèl la swa sou tè a, 6 pou nou menm gen yon sèl Bondye. Se Bondye Papa a. Se li menm ki kreye tout bagay. Se pou li n ap viv. Genyen yon sèl Senyè: Jezikris. Se pa mwayen Jezikris tout bagay egziste. Se pa mwayen Jezikris nou gen lavi.
7 Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen pami nou moun ki te abitye adore zidòl. Konsa lè y ap manje vyann lan, yo santi se tankou y ap manje a nan bòl yon dye ki reyèl. Yo pa fin konnen si yo ta dwe manje yon manje konsa. Lè yo manje vyann nan, yo nan konfizyon, yo pa konnen si se nan kominyon ak Kris yo ye oubyen si se ak zidòl la yo ye.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International