Add parallel Print Page Options

pou nou menm gen yon sèl Bondye. Se Bondye Papa a. Se li menm ki kreye tout bagay. Se pou li n ap viv. Genyen yon sèl Senyè: Jezikris. Se pa mwayen Jezikris tout bagay egziste. Se pa mwayen Jezikris nou gen lavi.

Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen pami nou moun ki te abitye adore zidòl. Konsa lè y ap manje vyann lan, yo santi se tankou y ap manje a nan bòl yon dye ki reyèl. Yo pa fin konnen si yo ta dwe manje yon manje konsa. Lè yo manje vyann nan, yo nan konfizyon, yo pa konnen si se nan kominyon ak Kris yo ye oubyen si se ak zidòl la yo ye. Poutan se pa yon manje k ap fè nou pi pwòch Bondye. Nan domèn sa a, si nou pa manje l nou pa fè okenn pèt, si nou manje l nou pa fè okenn benefis.

Read full chapter