Add parallel Print Page Options

23 Mwen fè tout sa pou m ka fè konnen bòn nouvèl la. Mwen fè tout sa pou m ka patisipe nan benediksyon levanjil la.

24 Nou konnen lè gen kous gen anpil moun k ap kouri. Men se yon sèl k ap ranpòte pri a, pa vre? Konsa, an nou kouri nan kous la yon fason pou nou ranpòte pri a. 25 Tout moun k ap fè espò bay tèt yo disiplin pou fè bon jan antrènman. Yo antrene di pou yo kapab genyen yon kouwòn ki dire yon ti tan sèlman. Poutan, kouwòn pa nou an ap la pou tout tan.

Read full chapter