Font Size
1 Korentyen 9:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 9:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
25 Tout moun k ap fè espò bay tèt yo disiplin pou fè bon jan antrènman. Yo antrene di pou yo kapab genyen yon kouwòn ki dire yon ti tan sèlman. Poutan, kouwòn pa nou an ap la pou tout tan. 26 Se poutèt sa mwen pa kouri tankou chyen fou, mwen gen yon kote m vle rive. Mwen batay tankou yon boksè. Mwen pa voye kout pwen danlevid. 27 Wi, mwen trete kò m di pou m ka kenbe l anba bon jan kontwòl. Mwen pa vle ap mache di moun jan pou yo kalifye pou pri a epi mwen menm pou m diskalifye.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International