Add parallel Print Page Options

Yon sòlda ki angaje nan lame, èske se li k peye tèt li? Lè yon moun plante yon jaden rezen, se pou l ka jwenn rezen pou l manje, pa vre? Moun k ap pran swen mouton bwè lèt mouton, pa vre?

Mwen pa sèlman chita sou koutim lèzòm pou m site egzanp sa yo. Lalwa Moyiz la di menm bagay la. Lalwa Moyiz di: “Pa mete mizo nan bouch bèf la lè l ap travay nan ramase rekòt la.”[a] Lè Bondye di sa, èske se bèf k ap travay ki enterese l? Ditou pa!

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:9 Sitasyon sa a soti nan Det 25:4.