Font Size
1 Pyè 1:1-2
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Pyè 1:1-2
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Se mwen menm Pyè, apot Jezikri, k ap ekri nou. M voye salye nou tout, pèp Bondye chwazi a, k ap viv kòm vizitè ki gaye toupatou nan zòn Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini. 2 Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikri ki te koule a fè nou pwòp nèt.[a] M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans.
Read full chapterFootnotes
- 1:2 ki te koule a fè nou pwòp nèt Sa sanble ak yon seremoni yo te konn fè pou ratifye alyans avèk pèp li a (gade nan Egz 24:7-8, kote fraz “obeyi” epi “aspèsyon san” yo parèt ansanm). Men li kapab gen lòt lide ladan l tou. Nan Ansyen Testaman, aspèsyon ak san bèt se te yon seremoni pirifikasyon (Lev 14:6-7; 16:14-16) ak konsekrasyon prèt yo tou (Egz 29:21), gen yon lòt lide ki enpòtan tou nan 1 Pyè (2:5, 9).
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International