Add parallel Print Page Options

Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikri ki te koule a fè nou pwòp nèt.[a] M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans.

Yon espwa ki p ap janm fini

Louwanj pou Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a. N ap tann pandan tan sa a, pou n resevwa benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo. Se nan syèl la Bondye sere benediksyon sa yo pou nou. Pa gen anyen ki ka gate yo, ni detwi yo, ni fè yo pèdi bèlte yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:2 ki te koule a fè nou pwòp nèt Sa sanble ak yon seremoni yo te konn fè pou ratifye alyans avèk pèp li a (gade nan Egz 24:7-8, kote fraz “obeyi” epi “aspèsyon san” yo parèt ansanm). Men li kapab gen lòt lide ladan l tou. Nan Ansyen Testaman, aspèsyon ak san bèt se te yon seremoni pirifikasyon (Lev 14:6-7; 16:14-16) ak konsekrasyon prèt yo tou (Egz 29:21), gen yon lòt lide ki enpòtan tou nan 1 Pyè (2:5, 9).