Font Size
1 Pyè 1:6-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Pyè 1:6-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
6 Mwen konnen panse sa yo fè nou kontan anpil, menmsi kounye a nou pral pase anba anpil eprèv pou yon ti tan. 7 Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se konsa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.
8 Nou pa ko wè Kris, men sa pa anpeche nou renmen l. Nou pa ka wè l kounye a, men nou kwè nan li. Kè nou ranpli ak yon kontantman nou pa ka eksplike.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International